Pewòl, konje ak prezans pou biznis ayisyen

IRI, ONA, OFATMA, CFGDCT ak CAS kalkile pou ou. Anplwaye yo antre ak soti sou telefòn yo, mande konje, epi wè si y ap resevwa chèk, depo, MonCash oswa NatCash.

Paj Pewòl KONMBIT: peryòd oktòb 2026 apwouve, brit, dediksyon, net pou peye ak kou total, ak fason chak moun ap resevwa lajan l.
Fich peye yon anplwaye sou telefòn: 33 210 HTG pa chèk, ak detay IRI, ONA, OFATMA, CFGDCT ak FDU/CAS.
Vrè ekran KONMBIT, ak done yon biznis demonstrasyon.

Gade KONMBIT an aksyon

Yon minit pou w wè pewòl, konje, prezans ak rekritman, sou òdinatè ak sou telefòn.

Tèks videyo a an kreyòl. Done yo se done yon biznis demonstrasyon.

Mande yon demo

Ekip KONMBIT ap rele w pou montre w sistèm lan, pou reponn kesyon ou, epi pou ede w kòmanse. Sa pa angaje w.

Sa ekip ou ap jwenn

Chak modil mache poukont li, men yo pataje menm dosye anplwaye a, kidonk pa gen anyen pou retape.

Nan Nòdwès peyi a, lè yon plantè gen yon gwo travay pou l fè, vwazen yo vin ede l. Nan Sen Lwi di Nò yo rele sa kare, men tout moun konnen l sou non konbit. Chak moun pote fòs pa l, yon moun kowòdone, epi travay ki t ap pran yon semèn fini nan yon jou.

Jivenson JosephFondatè KONMBIT, Balatye (Nòdwès)

Poukisa non KONMBIT

Se lide sa a nou mete nan yon lojisyèl: tout travay pou jere yon ekip nan yon sèl kote, epi chak moun konnen wòl li.

Li istwa nou ak ekip la

Fèt pou jan biznis ayisyen travay

Pa yon lojisyèl etranje yo tradui: règ pewòl yo, fason moun peye yo ak lang yo se pa Ayiti depi nan kòmansman.

Fich peye PDF: salè brit 42 000 HTG, retni IRI, ONA, OFATMA, CFGDCT ak FDU/CAS, net pou peye 33 210 HTG pa chèk.
Fich peye PDF chak anplwaye ka telechaje.

Kijan li mache

Ou pa bezwen enstale anyen. KONMBIT louvri nan navigatè telefòn nan oswa òdinatè a.

  1. Enskri biznis ou

    Kèk minit ase. Ou chwazi non biznis la ak lajan an, epi ou vin premye administratè a.

  2. Ajoute ekip ou

    Kreye dosye chak anplwaye ak salè l ak manadjè l. Sistèm lan ba ou yon modpas tanporè pou chak moun.

  3. Ekip la konekte

    Chak anplwaye antre ak soti sou telefòn li, mande konje, epi wè fich peye l. Ou prepare pewòl la ak kèk klik.

Pri

Eseye KONMBIT ak ekip ou anvan ou deside. Pa gen anyen pou enstale, e ou pa bezwen kat kredi.

Apre esè a Dapre gwosè ekip ou

Pri a depann de kantite anplwaye ou genyen. Ou resevwa yon fakti, epi tout fakti ou yo rete nan espas biznis ou.

Mande pri pou ekip ou

Kesyon moun poze

Sa biznis yo mande nou pi souvan.

Èske anplwaye yo bezwen enstale yon aplikasyon?

Non. KONMBIT louvri nan navigatè telefòn nan oswa òdinatè a. Anplwaye a konekte ak imel li ak modpas HR ba li a.

Ki retni KONMBIT kalkile sou pewòl la?

IRI, ONA, OFATMA, CFGDCT ak FDU/CAS, ansanm ak retni sou bonis. Fè kontab ou verifye premye pewòl ou, epi chak fwa lwa a chanje.

Èske KONMBIT voye lajan an bay anplwaye yo?

Non. KONMBIT prepare pewòl la ak fich peye yo. Ou peye jan ou toujou fè (chèk, depo, MonCash, NatCash oswa kach) epi chak anplwaye wè sou fich li kijan l ap resevwa lajan l.

Èske m ka peye an dola?

Wi. Lè w enskri biznis ou, ou chwazi goud (HTG) oswa dola (USD) kòm lajan biznis la.

Kiyès ki apwouve konje ak èdtan travay?

Manadjè a apwouve konje ak èdtan ekip li. HR oswa administratè a apwouve pewòl la. Pèsonn pa ka apwouve pwòp konje oswa pwòp èdtan li.

Èske lòt biznis ka wè done mwen?

Non. Chak biznis separe nèt. Nimewo idantite ak kont labank pa parèt nan lis yo, epi chak fwa yon moun gade yo, sa ekri nan yon jounal.

Mete ekip ou sou KONMBIT jodi a

Kreye espas biznis ou an kèk minit. W ap vin premye administratè a, epi w ap ka ajoute anplwaye ou yo apre sa.