KONMBIT

Kondisyon itilizasyon

Vèsyon 2026-10-bouyon

Bouyon: tèks sa a poko revize pa yon avoka. Li ka chanje.

1. Kiyès nou ye

KONMBIT se yon sèvis [NON LEGAL ANTREPRIZ LA, FÒM LEGAL (SA, SARL…)], ki anrejistre an Ayiti ak NIF [NIF], ki gen biwo li nan [ADRÈS]. Pou kontakte nou: kontak@konmbit.com. Nan tèks sa a, « nou » vle di KONMBIT, epi « ou » vle di moun oswa biznis ki itilize sèvis la.

2. Sa KONMBIT ye, e sa li pa ye

KONMBIT se yon lojisyèl sou entènèt pou jere resous imèn: dosye anplwaye, prezans, konje, orè, pewòl, fòmasyon ak rekritman. KONMBIT pa yon bank, li pa voye lajan bay anplwaye yo, epi li pa ranplase yon kontab, yon avoka oswa yon konseye fiskal.

3. Kont yo

4. Responsablite biznis kliyan an

5. Pewòl ak kalkil

Kalkil pewòl yo (IRI, ONA, OFATMA, CFGDCT, FDU/CAS, retni sou bonis…) baze sou piblikasyon ofisyèl nou te konnen lè nou te ekri yo. Lwa yo ka chanje, epi gen ka espesyal sistèm lan pa kouvri. Biznis la rete responsab chif li sèvi pou peye anplwaye l yo ak pou deklarasyon l yo. Avan premye apwobasyon pewòl la, sistèm lan mande yon moun HR oswa administratè konfime li konprann sa. [AVOKA: limit responsablite KONMBIT pou erè kalkil, penalite ak enterè.]

6. Sa ki entèdi

7. Done pèsonèl

Fason nou trete done pèsonèl yo eksplike nan Politik konfidansyalite a. Pou done anplwaye ak kandida li yo, se biznis la ki deside poukisa e kijan yo itilize; KONMBIT trete yo pou biznis la, dapre enstriksyon l. [AVOKA: konfime modèl « responsab » / « sou-trètan » an.]

8. Disponiblite

KONMBIT nan faz Beta. Nou fè efò pou sèvis la disponib e pou done yo an sekirite (kopi sekirite chak jou), men nou pa ka garanti sèvis la p ap janm kanpe. Nou ka fè travay antretyen; nou ap avèti davans lè sa posib.

9. Pri

Pandan Beta a, sèvis la [gratis / pri: …]. Si nou kòmanse mande lajan, nou ap avèti biznis yo omwen [30] jou davans, epi yo ap ka chwazi kite sèvis la.

10. Fèmen yon kont

Yon biznis ka fèmen kont li nenpòt ki lè. Li ap gen [30] jou pou l telechaje done l yo. Nou ka sispann oswa fèmen yon kont ki vyole kondisyon sa yo, apre nou avèti l, eksepte si gen yon danje grav pou lòt itilizatè yo. [AVOKA: delè, ak sa ki rive done yo apre.]

11. Limit responsablite

[AVOKA: tèks sou limit responsablite, garanti, ak fòs majè.]

12. Chanjman nan kondisyon yo

Nou ka chanje tèks sa a. Lè chanjman an enpòtan, nou ap avèti administratè yo, epi n ap mande yo aksepte nouvo vèsyon an. Chak vèsyon gen yon nimewo (anlè paj la).

13. Lwa ak tribinal

Lwa [Repiblik Ayiti] aplike. Si gen yon dezakò, n ap eseye rezoud li alamiab avan. Si sa pa mache, se tribinal [Pòtoprens] ki gen konpetans.

14. Lang

Tèks sa a ekri an kreyòl [ak an franse]. Si gen diferans ant de vèsyon yo, se vèsyon […] an ki fè fwa.