Kiyès nou ye

Ansanm, n ap mete men.

KONMBIT se yon platfòm resous imèn ak pewòl ki fèt pou biznis ayisyen, soti nan ti boutik rive nan gwo konpayi.

Poukisa non KONMBIT

Nan Nòdwès peyi a, lè yon plantè gen yon gwo travay pou l fè, vwazen yo vin ede l. Nan Sen Lwi di Nò yo rele sa kare, men tout moun konnen l sou non konbit. Chak moun pote fòs pa l, yon moun kowòdone, epi travay ki t ap pran yon semèn fini nan yon jou.

Se konsa mwen te grandi, ap gade papa m plante e ap fè konbit. Se lide sa a nou mete nan yon lojisyèl: tout travay ki gen pou fè pou jere yon ekip nan yon sèl kote, byen kowòdone. Sa gen ladan l prezans, konje, pewòl, fòmasyon ak rekritman. Konsa chak moun konnen wòl li, e pèsonn pa pèdi tan ap refè sa yon lòt deja fè.

Mo fondatè a

Jivenson Joseph

Mwen rele Jivenson Joseph. Mwen fèt e mwen grandi Balatye, nan Sen Lwi di Nò. Mwen fè lekòl primè m nan Lekòl Nasyonal Rivyè dè Ba (Zabriko), epi mwen fini klasik mwen nan Lise Jean-Marie de Lamennais nan Sen Lwi di Nò.

Mwen etidye enfòmatik biwotik nan Alyans, epi syans enfòmatik nan Inivèsite Episkopal Ayiti (UNEPH), Pòtoprens, kote m gen lisans mwen. Mwen se devlopè frontend ak backend, e mwen travay ak baz done MySQL, Oracle ak Access. Mwen travay tou nan klimatizasyon (HVAC) Ozetazini, kote m te wè ki jan yon ekip sou teren òganize travay li.

Moun ki konnen m konnen mwen renmen aprann, e mwen renmen pataje sa m konnen. Mwen bay fòmasyon enfòmatik gratis nan Legliz Mamre, Pòtoprens. KONMBIT se menm lide a: pran konesans ak zouti ki egziste lòt kote, epi mete yo nan men biznis ayisyen, nan lang yo, pou reyalite yo.

Jivenson JosephFondatè · Devlopè frontend ak backend · Administratè baz done

Ekip la

Nou twa gen yon lisans nan syans enfòmatik nan UNEPH, e nou soti nan diferan kwen peyi a.

Jivenson Joseph

Jivenson Joseph

Fondatè · Devlopè frontend ak backend · Administratè baz done
Balatye, Sen Lwi di Nò (Nòdwès)

Lisansye nan syans enfòmatik. Devlopè frontend ak backend ak administratè baz done: li konbine frontend, backend, baz done ak API pou bati aplikasyon ki rapid, an sekirite epi fasil pou itilize.

Jeffrey H. Youthe

Kofondatè · Devlopè full-stack
Basen Ble (Nòdwès)

Lisansye nan syans enfòmatik. Devlopè full-stack ki pasyone pou teknoloji: li renmen rezoud pwoblèm teknik epi fè ide yo tounen pwojè reyèl.

Jean Blaisile Oulbadam

Kofondatè · Devlopè backend
Pòtoprens (Lwès)

Lisansye nan syans enfòmatik. Li konstwi sèvè a ak kalkil yo, e li jere rezo a.

Angajman nou

Kontak

kontak@konmbit.com Pòtoprens, Ayiti

Mete ekip ou sou KONMBIT jodi a

Kreye espas biznis ou an kèk minit. W ap vin premye administratè a, epi w ap ka ajoute anplwaye ou yo apre sa.